♪ ♪ Batayon kòt plaj ♪ ♪

Publié le par Bataillon de Côte-Plage

I

Se nou men’m Batayon MEBSH kòt plaj

Brigadye ak Limyè kape fè yon bon travay

Ede jèn gason ak jèn fi konnen Jezikris

Ba yo yon fòmasyon kap itil yo pou lavi

 

Ref

Nape chante (Jezi), nap adore (Jezi)

Li renmen nou (se vre) nou renmen’l tou


II

Nape fè travay sovè nou avèk kè kontan

Nou pap janm dekouraje paske Li promèt nou

Li gen pou Li vini chache nou avan lontan

Pou-L mennen nou nan wayòm ki prepare pou nou


 III

Nape mache men nan men pou preche levanjil

Paske se pou travay sa Jezikris chwazi nou

Fok nou ale toupatou nan mòn tankou lavil

Fè tout moun konnen ke Jezikris se sovè nou

Publié dans Chants

Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article